Sujet |
Repons |
Kesyon |
Koulè Kris Pa enpotan se salut ki enpotan. |
Repons: Se pa Koulè kris ki enpotan sak enpotan se pa pran nan fo Kris Matye 24:24, Deskripsyon Kris ede nou idantifye Vrè Kris la de fo kris la. |
Eske ou panse yon moun ka sove si l adore fo kris la? Si nou pa konn deskripsyon vrè Kris la Kijan n’ap fè konn fo a? |
Wap preche bagay rasis |
Nou denonse tout fom de rasis, tout sa nou preche nou ka prouve l nan labib. Jan 8:32 ede nou konprann se verite k’ap libere nou, menm si sa ka rann kèk moun enkonfotab |
Eske si w renmen yon pitit plis ke yon lot se Rasis ou rasis? |
Bondye renmen tout moun |
Se vre se Bondye ki kreye tout moun, Men li chwazi yon sel nasyon (amos 3:1-3) epi li chwazi mouri pou yon sèl nasyon daprè Matye 15:24, Act 5:3, Bib la te gentan predi nan ezayi 53:8 ke kris la te gen pou mouri pou nasyon an. |
Si se vre Bondye renmen tout moun poukisa li di li rayi ezaou nan Romen 9:13? |
Kris la mouri pou tout moun Jan 3:16 |
Mwen konprann Kijan ou fè rive ak konklizyon sa paske li di lemond, Men ann cheke menm liv jan ki pral dekri kisa mond la ye, Jan 18:20 ( en Francais) Act 2:21-22 tou explike quiconque la se Izrayelit Nou gen plis ke dis ekriti ki di Kris la mouri pou Izrayel, eske se yon kontradiksyon ak jan 3:16 oubyen se nou ki pa konprann teks la? |
Nou gen plis ke dis ekriti ki di Kris la mouri pou Izrayel, eske se yon kontradiksyon ak jan 3:16 oubyen se nou ki pa konprann teks la? Luke 1:69-70, Ezayi 53:8, Matye 15:24, Acts 5:30, Jean 11:51-52, Matye 1:21, Galate 4:4, Luke 2:34, Acts 13:23, Romen 9:5 |
Pèp jwif la te rejete l Jean 1:10 |
Se vre anpil Jwif te rejete’l men Jan 8:31 moutre anpil jwif te kwè nan li, anplis vesè sa (Jean 1:10-13) pale nan tan pase: Moun ki “te” Resevwa, endike nan tan li t’ap viv la. Anplis Travay 21:20 Moutre des milliers de Jwif te kwe nan Mesi a . |
Eske Kris pa’t mande papa pou’l padone pèp la sou la kwa? Alors pouki rezon li ta deside ranplase yo par payen yo? |
Mwen pa Izrayelit, mwen se Ayisyen |
Mwen dako ke Jodi a nou pote tit sa, Men nou pa’t toujou Ayisyen, yo toujou di si’w pa konnen pase ‘w ou pap ka detemine fiti w, anplis Bib la di pèp mwen an ap detwi faute konesans, li enpotan pou n konnen Rasine nou pou ka grandi kom yon nasyon. |
Si li pa enpotan pou nou konnen pase nou, poukisa yo pa’t vle nou ni li, ni ekri nan esklavaj? |
Nou se Izrayel par la fwa |
La fwa enpotan anpil, men labib pa ekri okenn kote ou ka pote idante pep izrayel la jis paske ou gen lafwa, Exode 19:6 mansyone pep izrayel la se yon generasyon ki chwazi, mo sa soti nan grek la ki se genia ki vle yon ADN, yon gem ou anko yon ras. Pesonn paka vini yon ras par la foi. |
Kesyon: Eske ou ka vin Ameriken Par la Foi? |
Si nou te Izrayel Nou patap nan mize konsa |
Se vre nou soufri anpil, Sak enteresan se soufrans sa yo ki idantifye ki moun nou ye, annou Exode 24:7: La li moutre pep la te samante y’ap fe tout sa Bondye te mande yo fe. annou li Deteronom 28:1 ak 15: Nou ka we te gen benediksyon ak malediksyon ki te pare pou pep la depan si yo obeyi ou pa. Ann li nan vese 46: bagay sa yo ap sevi kom yon siy sou nou, yon idantifye yon bagay, nan ka sa li idantifye pitit izrayel yo. Ann nou li vese 16 a kontinye w’ap we tout mize n’ap pase la. Deteronom 30 di si nou repanti l’ap rasanble nou epi l’ap ba nou plis ke sa nou te pedi a. |
Kesyon: Eske si’w gen yon pitit ki dezod ou pini’l se rayi ou rayi ‘l? |
Tout moun se pèp Bondye |
Mwen ka dako tout mou se kreyati Bondye, Men deteronom 32:8 ak deteronom 7:6 moutre non selman li chwazi izrayel pami tout pitit adan yo men se sel Izrayel li chwazi pami tout nasyon yo. |
Kesyon: Si tout moun se pèp Bondye poukisa tout nasyon gen bondye pa yo? |
Konnen’w se Izrayel Pa enpotan |
Mwen te ka dako ave’w men Romen 3:1 di ki avantaj jwif la genyen? Bib la montre ke se pou izrayel ke tout glwa ki gen pou vini an ye ak promes yo. |
Kesyon: Si papa w te fe’w yon promes ke l’ap ba ou yon kay, sel koman ou ka reklame kay sa devan jij ? (repons korèk)fok ou idantifye’w epi prouve ke ou se moun ki merite promes. |
Tout moun gen kwayans pa yo |
Se vre tout moun gen kwayans pa yo, si yon mou kwe nan islam ki mande pou’l exploze tèt li, eske sa se yon bon kwayans,poutan gen milyon mou ki kwe ladan’l, alors se pa tout kwayans ki bon, e se pa tout kwayans ke Bondye aprouve, Jan 7:38 di se pou kwe nan Bondye jan parol la mande nou pou nou kwe a. |
Kesyon: Eske ou ka defann sa ou kwe a avek labib? |
Tout jou se sou Bondye, nou ka louwel nenpot jou |
Se vre tout jou se jou Bondye, Men sa pa li mete yon jou apa, men jan nou mete fet nesans nou apa pami tout jou yo. Chirasid 33:7-9 di nou gen jou li fe jou odinaire gen jou li mete apa. Epi egzod 20:8 ak 11 di 7eme jou an se jou pou nou komemore kreyasyon an. |
Kesyon: Eske se jou Anivèsè’w ki enpotan oubyen se okazyon an ki fè jou a enpotan pou ou, si oui eske sa vle di lot jou yo pa enpotan paske yo pa anivèsè’w |