Kominote GYC se yon oganizasyon san parey ki sitiye nan florida, ki gen pou misyon pou aprann ras neg, aborigen(Endyen) ak latino , ke nou se vre izrayelit ki twouve nou anba pye tout nasyon yo, paske nou dezobiyi lwa Bondye pa nou an.
Verite a se ke gwoup moun sa yo ak lot fre nou yo ki gaye nan tout lemond ki ap soufri nan getho yo, se vre Izrayelit yo dapre BIB la, Istwa ak Akeyoloji. Nou pa izrayelit pa "la foi" kom yo di nou nan legliz yo, paske ou paka Ameriken "par la foi" nou se vre izrayelit yo dapre san. Sak fe ou pa konn sa, se paske legliz nou yo kap travay ak lenmi ou yo, ba nou yon fo jezi, yon fo non, yon fo idantite , epi yo kontinye pouse siperyorite blan sou pep nou pou demonize kilti nou, change istwa an fave blan. se pa yon sipriz ke Izrayelit yo ap boulvese blan nan tout lemond, paske nap grandi tankou dife. avek GYC mouvman pa gen kanpe pou li, nap pouse jiskaske nou libere pep nou an anba mansonj. Men Kris la di nou, gen anpil travay ki dwe fet, men pa gen anpil travaye. Nou we kijan pep la ap soufri paske nou pa gen konesans epi tout nasyon ak pwop paste nou yo ap pwofite sou nou. kounye a nou tout bezwen fe yon chwa, eske nap mare senti nou, netwaye bot nou, pran bib nou pou nou batay kon inyorans ak mansonj, ou byen nap rete gade jiskake nou peri. GYC konte sou tout moun pou mete men, paske men anpil chay pa lou.
0 Comments
Leave a Reply. |
AuthorWrite something about yourself. No need to be fancy, just an overview. Archives
September 2019
Categories |