|
Kominote GYC se yon oganizasyon san parey ki sitiye nan florida, ki gen pou misyon pou aprann ras neg, aborigen(Endyen) ak latino , ke nou se vre izrayelit ki twouve nou anba pye tout nasyon yo, paske nou dezobiyi lwa Bondye pa nou an.
Verite a se ke gwoup moun sa yo ak lot fre nou yo ki gaye nan tout lemond ki ap soufri nan getho yo, se vre Izrayelit yo dapre BIB la, Istwa ak Akeyoloji. Nou pa izrayelit pa "la foi" kom yo di nou nan legliz yo, paske ou paka Ameriken "par la foi" nou se vre izrayelit yo dapre san. Sak fe ou pa konn sa, se paske legliz nou yo kap travay ak lenmi ou yo, ba nou yon fo jezi, yon fo non, yon fo idantite , epi yo kontinye pouse siperyorite blan sou pep nou pou demonize kilti nou, change istwa an fave blan. se pa yon sipriz ke Izrayelit yo ap boulvese blan nan tout lemond, paske nap grandi tankou dife. avek GYC mouvman pa gen kanpe pou li, nap pouse jiskaske nou libere pep nou an anba mansonj. Men Kris la di nou, gen anpil travay ki dwe fet, men pa gen anpil travaye. Nou we kijan pep la ap soufri paske nou pa gen konesans epi tout nasyon ak pwop paste nou yo ap pwofite sou nou. kounye a nou tout bezwen fe yon chwa, eske nap mare senti nou, netwaye bot nou, pran bib nou pou nou batay kon inyorans ak mansonj, ou byen nap rete gade jiskake nou peri. GYC konte sou tout moun pou mete men, paske men anpil chay pa lou.
0 Comments
Nou se yon aktiv oganizasyon Izrayelit ki rele GYC ki reprezante " Gathering(rasanble) YHWH( YAHAWAH) CHILDREN( PITIT) Nan bon kreyol, rassembler pitit YHWH yo.
Nou sou beton an depi an 2013 nap montre moun yo rele neg, oborigen ak sa yo rele latin yo ke yo se vre izrayelit dapre la bib ak listwa nou gen pou rev pou nou derasine tout mansonj ke blan mele ak paste pouse nan lide pep la. Pou pep la sispan swiv relijyon kap manje sou yo epi kap ba yo mansonj sou tet lajan yap pote chak samdi ak dimanch yo bay paste ki pi byen pase yo. Apre anpil lane legliz yo ak politisyen nou yo paka fe anyen pou nou, ou byen yo pa vle fe anyen pou nou. Yo efektivman fe nou bliye kiyes nou ye, pou yo ka explwate nou. Ak GYC nan tet mouvman sa fiti pep nou an trouve l nan bon men, paske nou asirew ke tout mond lan pral konnen ke nou menm neg, aborigen, ak latin yo se vre Izrayelit yo. Le nou fin derasine koripsyon ak mensonj nap ka kanpe deye yon sel mantalite pou nou repare listwa ak kondisyon vi nou. |
Details
AuthorWrite something about yourself. No need to be fancy, just an overview. Archives
September 2019
Categories |
RSS Feed