LIV GENEZ
Genez 1
1 Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
2 Men latè pa t' gen fòm, epi li te vid. Fènwa te kouvri sifas tou ki fon anpil la. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo yo.
3 Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt.
4 Bondye wè limyè a te bon. Bondye te separe limyè a ak fènwa.
5 Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te premye jou a.
6 Bondye di ankò. Se pou gen yon fimaman nan mitan dlo yo pou separe tout dlo yo..
7 Bondye fè fimaman, epi li separe dlo sa yo ki te anba fimaman ak lòt pati ki te anwo fimaman. Sa te fèt konsa.
8 Bondye rele fimaman syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te dezyèm jou a.
9 Bondye di ankò. Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Sa te fèt konsa.
10 Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
11 Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo daprè espès yo. Sa te fèt konsa.
12 Tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo daprè espès yo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
13 Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te twazyèm jou a.
14 Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo.
15 Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. sa te fèt kons.
16 Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou.
17 Li mete yo nan fimaman pou klere latè a,
18 pou kòmande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
19 Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te katriyèm jou a.
20 Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase.
21 Bondye kreye gwo labalèn yo, tout kalite bèt vivan k'ap naje nan dlo ansanm ak tout kalite zwazo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
22 Bondye beni yo, li di. Pote fri, ogmante, epi plen dlo yo ki nan lanmè yo. Se pou zwazo yo ogmante sou tè a.
23 Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te senkyèm jou a.
24 Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa daprè espès yo. Sa te fèt kons.
25 Bondye fè tout kalite bèt daprè espès yo, bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant. Li gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
26 Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.
27 Se konsa Bondye kreye yon nonm. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yon gason ak fi.
28 Li ba yo benediksyon, li di, pote fri, ogmante, renouvle, epi Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a.
29 Bondye di. Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje ki sou latè.
30 Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase.
31 Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a.

Genez 2
Genèz 2
Se konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.
2 Sou setyèm jou a Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. se konsa li repoze sou Setyèm jou a, li sispann travay.
3 Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a.
4 Men yon kijan sa te ye nan jou Bondye te kreye syèl yo ak latè a.
5 Ti pyebwa pa ‘t ankò grandi sou tè a. Ankenn zèb pa t' ankò pouse nan savann yo, paske Bondye pa t' ankò voye lapli tonbe sou tè a. Paske, pa t' gen moun pou travay latè.
6 Men, yon vapè dlo leve soti nan tè a, li wouze tout tè a.
7 Lè sa a, Seyè a, Bondye a te fè yon nonm ak pousyè tè a. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
8 Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a.
9 Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, pyebwa ki bon pou manje epi sanble bèl anpil nan je moun. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la.
10 Yon gwo larivyè soti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Soti nan jaden an li te fè kat branch. .
11 Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a.
12 Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks.
13 Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki antoure tout peyi Letyopi a. .
14 Twazyèm larivyè a rele Hidekèl. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat.
15 Seyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l' nan jaden Edenn lan pou l' travay li, pou l' pran swen l'.
16 Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.
17 Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l', w'ap mouri.
18 Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.
19 Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syèl la. Lè l' fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt.
20 Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pa t' gen yonn ki te sanble avè l', ki ta ka ede l'.
21 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè yon dòmi di pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen.
22 Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li.
23 Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti.
24 Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.
25 Nonm lan ak madanm li te toutouni. Men, yo pa t' wont rete konsa.

Genez 3
Genèz 3
1 Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?
2 Fanm lan reponn sèpan an. Nou gen dwa manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.
3 Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l', piga nou manyen l' menm. Sinon, n'ap mouri.
4 Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p'ap mouri kras.
5 Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l', je nou va louvri. n'a vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal.
6 Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.
7 Manje yo fin manje, je yo louvri, lè sa a, yo vin konnen yo toutouni. Yo pran kèk fèy figfrans, yo koud yo ansanm, yo fè rad mete sou yo.
8 Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo.
9 Men, Seyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l'. Kote ou ye?
10 Nonm lan reponn li. Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M al kache pou ou, paske mwen toutouni.
11 Seyè a, Bondye a, di l'. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?
12 Nonm lan reponn. Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m' manje, epi mwen manje l'.
13 Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'.
14 Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri.
15 Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
16 Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. Tout sa ou gen bezwen pral sou kontrol mari ou. se mari ou ki va chèf ou.
17 Apre sa li di Adan. Paske ou koute pawòl madanm ou,epi ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd piga ou manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. se ak anpil tray tè a va ba ou manje pou tout rès vi ou.
18 Tè a va kale tout kalite pikan ak pengwen ba ou. W'a manje fèy ki pouse nan raje.
19 Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.
20 Adan bay madanm li non, li rele l' Ev, paske se li menm ki manman tout moun k'ap viv sou tè a.
21 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran po bèt, li fè rad pou Adan ansanm ak madanm li, li biye yo.
22 Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l' lonje men l' keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l' manje l', pou l' pa viv pou tout tan.
23 Se konsa, Seyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l' al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l' la.
24 Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon, yon fason pou pwoteje chemen kote pebwa ki bay lavi a ye. .

Genez 4
Genez 4
1 Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l' Kayen, epi li di. Bondye fè mwen kado yon pitit gason.
2 Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè.
3 Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a.
4 Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la.
5 Men, li pa t' asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l' byen mare.
6 Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa?
7 Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. Se sou ou lap akonpli tout sa li dezire, epi se ou ki pral chèf pou li.
8 Yon jou, Kayen t’ap pale ak Abèl, frè li, antan yo ap pase nan raje a, Kayen vare sou frè li, li touye li.
9 Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m' veye l'?
10 Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj.
11 Koulye a, tè ki te louvri bouch li pou l' te bwè san frè ou ou te fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou.
12 Lè w'a travay latè, li p'ap ba ou sa l' te dwe ba ou. W'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete.
13 Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l'.
14 Men ou mete m' deyò sou tè sa a koulye a, se kache pou m' al kache pou ou pa wè m'. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m'.
15 Seyè a di: Non. Paske, si yon moun touye Kayen, y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Se konsa, li mete yon siy sou Kayen pou moun pa touye l' si yo jwenn li.
16 Apre sa, Kayen wete kò l' devan Seyè a, li al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a.
17 Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l' Enòk. Li ba l' menm non ak pitit gason l' lan.
18 Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk.
19 Lemèk te gen de madanm. Yonn te rele Ada, lòt la te rele Zila.
20 Se Ada ki manman Jabal. Jabal sa a, se li menm ki zansèt tout moun sa yo ki rete anba tant epi ki gade bèt.
21 Frè menm manman ak li a te rele Joubal. Se li menm ki zansèt tout moun sa yo k'ap jwe gita ak fif.
22 Zila menm bò pa l' te manman Toubal Kayen, yon bòs fòjon ki te konn travay kwiv ak fè. Toubal Kayen te gen yon sè menm manman ak li ki te rele Naama.
23 Yon jou Lemèk di madanm li yo: Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou! Madanm mwen yo, tande byen sa m'ap di nou! Mwen touye yon monm pou pwop malè mwen, yon jenn gason pou pwop doulè mwen.
24 Si kayen merite yo vanje l sèt fwa, Lamèk menm se swadis fwa sèt fwa.
25 Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt.
26 Sèt, pou tèt pa l', vin gen yon pitit gason, li rele l' Enòk. Se lè sa a moun konmanse fè sèvis pou Seyè a.

Genez 5
Jenez 5
1 Sa se liv jenerasyon Adan yo: Lè Bondye kreye nonm lan, li te fè’l yo pòtre avè l'.
2 Li kreye tout de, gason ak fi. Li beni yo. Li te rele yo Adan, jou li te kreye yo a.
3 Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt.
4 Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5 Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).
6 Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.
7 Apre nesans Enòk, Sèt viv wisan-setan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
8 Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an)
9 Enòk te gen katreven-dizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.
10 Apre nesans Kenan, Enòk viv wisan-kenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
11 Lè Enòk mouri, li te gen nèfsan-senkan (905 an)
12 Kenan te gen swasann-dizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.
13 Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv wisan-karantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
14 Lè Kenan mouri, li te gen nèfsan-dizan (910 an).
15 Malaleyèl te gen swasann-senkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.
16 Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv wisan-trantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
17 Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsan-katreven-kenzan (895 an).
18 Jerèd te gen sanswann-dezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.
19 Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
20 Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsan-swasann-dezan (962 an).
21 Enòk te gen swasann-senkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.
22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
23 - Enòk te gen twasan swasann-senk lane
24 Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
25 Metouchela te gen san-katreven-setan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.
26 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sèt-san-katreven-dezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
27 Lè Metouchela mouri, li te gen nèf-san-swasant-nevan (969 an).
28 Lemèk te gen san-katreven-dezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason.
29 Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.
30 Apre nesans Noe, Lemèk viv senk-san-katreven-kenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
31 Lè Lemèk mouri, li te gen sèt-san-swasann-disetan (777 an).
32 Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

Genez 6
Jenez 6
1 Lè sa a, moun te konmanse ap fè anpil anpil pitit sou latè. Yo te vin gen anpil pitit fi.
2 Se konsa pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.
3 Lè Seyè a wè sa, li di: Lespri m pa dwe abite nan lèzòm pou tout tan sa, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (120 an) sèlman pou yo viv.
4 Te gen Jeyan sou latè nan jou sa yo: Sa se te rezilta pitit gason Bondye yo kite pran pitit fi lèzòm yo, ki te fè pitit pou yo, pitit sa yo vinn tounen nonm ki gen anpil pouvwa, nonm ansyen sa yo te renome anpil.
5 Seyè a wè jan toupatou sou latè lèzòm te vin mechan , epitou tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.
6 Li vin règrèt li te fè moun sou latè. Kè l' vin sere ak lapenn.
7 Seyè a di: Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo, san kite yonn. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tout tou bèt kat pat, tout bèt ki trennen sou vant ak tout zwazo k'ap vole nan syèl, paske mwen règrèt anpil dèske mwen te fè yo.
8 Men, Noe te fè Bondye plezi.
9 Men jenerasyon pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe se te sèl moun ki te dwat epi ki te pafè devan Bondye nan jenerasyon li yo. Li t'ap mache byen ak Bondye.
10 Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.
11 Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.
12 Bondye gade latè, li wè l' te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti.
13 Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè.
14 Fè yon gwo batiman pou ou ak bwa gofè. W'a fè anpil ti chanm ladan l'. W'a badijonnen l' byen badijonnen anndan kou deyò avèk goudwon.
15 Men ki jan pou ou fè l': Batiman an va twasan kibit (300) longè, senkant kibit (50) lajè, ak trant kibit (30) wotè.
16 W'a mete yon fenèt sou batiman an. W'a kite yon espas yon kibit (1) ant twati a ak rebò a. W'a mete yon sèl pòt sou kote batiman an. W'a mete yon etaj anba, yon etaj nan mitan, yon etaj anwo.
17 Mwen pral voye yon gwo inondasyon dlo sou latè pou detwi tout sa k'ap viv anba syèl la. tout sa ki sou latè pral peri.
18 Men, m'ap fè yon kontra avè ou. W'a antre nan batiman an, ou menm, pitit gason ou yo, madanm ou ansanm ak madanm pitit ou yo.
19 W'a pran avèk ou tou yon pè nan tout kalite bèt, yon mal ak yon fenmèl. Wa fè yo antre nan batiman an ansanm ak ou pou yo pa mouri.
20 Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri.
21 Ou menm bò pa ou, ranmase tout kalite manje, mezi ou kapab. Fè yon bèl pwovizyon mete la pou ou ka jwenn manje pou ou manje ansanm ak tout bèt yo tou.
22 Se konsa Noe fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.